Evite Gaye Viris Respiratwa Lè W Malad

Sa w dwe konnen

  • Pran dispozisyon pou evite gaye viris respiratwa yo lè w malad se yon estrateji prevansyon debaz pou bese risk ki gen nan viris respiratwa yo.
  • Estrateji prevansyon debaz yo se dispozisyon enpòtan ou ka pran pou pwoteje tèt ou ak lòt moun kont viris respiratwa yo.

Rekòmandasyon

Yon fanm malad ki kouche nan kabann ap gade yon tèmomèt.
Rete lakay ou epi rete lwen lòt moun si w gen sentòm viris respiratwa yo.

Lè ou petèt gen yon viris respiratwa...‎‎

Rete lakay ou epi rete lwen lòt moun (sa gen ladan moun w ap viv avèk yo ki pa malad) si w gen sentòm viris respiratwa ki pa pi byen eksplike ak yon lòt kòz. Sentòm sa yo ka gen ladan lafyèv, frison, fatig, tous, nen k ap koule, epi maltèt, nan pami anpil lòt.*

  • Ou ka retounen nan aktivite nòmal ou lè, pandan omwen 24 èdtan, toude kondisyon sa yo ranpli:
    • Sentòm ou yo ap amelyore anjeneral, epi
    • Ou pa te gen lafyèv (epi ou pa itilize medikaman pou bese lafyèv).
  • Lè w retounen nan aktivite nòmal ou, pran prekosyon anplis pandan 5 pwochen jou yo, tankou pran dispozisyon anplis pou respire lè ki pi pwòp, ijyèn, mask, pratike distans fizik, epi/oswa fè tès lè w pral bò kote lòt moun nan espas ki femen. Sa enpòtan espesyalman pou pwoteje moun ki gen faktè ki ogmante risk pou yo gen maladi grav lè yo atrape viris respiratwa yo.
    • Fòk ou sonje ou kapab kontinye gaye viris ki te fè w malad la, menm si w santi w fè mye. Li pwobab pou ou mwens kapab gaye viris la nan moman sa a, selon faktè tankou depi konbyen tan ou te malad oswa nan ki degre ou te malad.
    • Si w vin gen yon lafyèv oswa ou kòmanse santi w vin pi mal apre w retounen nan aktivite nòmal ou yo, rete lakay ou epi rete lwen lòt moun ankò jiskaske, pandan pou pi piti 24 èdtan, toude kondisyon sa yo ranpli: sentòm ou yo ap amelyore anjeneral, epi ou pa gen lafyèv (epi ou p ap itilize medikaman pou bese lafyèv). Apresa, pran prekosyon anplis pandan 5 pwochen jou yo.

Egzanp yo

Pou montre egzanp, pa fèt dapre yon echèl

Egzanp 1: Moun ki gen lafyèv ak sentòm.

Egzanp 1: Moun ki gen lafyèv ak sentòm yo.

Egzanp 2: Moun ki gen lafyèv men pa gen lòt sentòm.

Egzanp 2: Moun ki gen lafyèv men pa gen lòt sentòm.

Egzanp 3: Moun ki gen lafyèv ak lòt sentòm, lafyèv la pase men lòt sentòm yo pran plis tan pou amelyore.

Egzanp 3: Moun ki gen lafyèv ak lòt sentòm, lafyèv la pase men lòt sentòm yo pran plis tan pou amelyore.

Egzanp 4: Moun lan amelyore epi apresa li gen yon lafyèv.

Egzanp 4: Moun lan amelyore epi apresa li gen yon lafyèv.

Si w pa te janm gen sentòm men ou teste pozitif pou yon viris respiratwa‎

Ou gendwa kontajye. Pandan 5 pwochen jou yo: pran prekosyon anplis tèlke dispozisyon anplis pou respire lè ki pi pwòp, ijyèn, mask, pratike distans fizik, epi/oswa fè tès lè w pral bò kote lòt moun nan espas ki femen. Sa enpòtan espesyalman pou pwoteje moun ki gen faktè ki ogmante risk pou yo gen maladi grav lè yo atrape viris respiratwa yo.

Kijan sa fonksyone

Lè w gen yon enfeksyon ki kose pa youn viris respiratwa, ou ka transmèt li bay lòt moun. Kantite tan yon moun ka transmèt viris la depann de diferan faktè, sa gen ladan nan ki degre li malad (gravite) epi konbyen tan maladi yo a dire (dire); se pa menm bagay la pou tout moun.

Lè, pandan pou pi piti 24 èdtan, sentòm ou yo ap amelyore anjeneral epi ou pa gen lafyèv (epi ou pa itilize medikaman pou bese lafyèv), anjeneral ou mwens kontajye, men sa pran plis tan toujou pou kò w debarase l de viris la konplètman. Pandan peryòd sa a, ou gendwa toujou kakab transmèt viris la bay lòt moun. Si w pran prekosyon pandan 5 pwochen jou yo, sa ka ede diminye risk sa a. Apre peryòd 5 jou sa a, anjeneral ou gen mwens risk pou w kontajye. Sepandan, kèk moun, sitou moun ki gen sistèm iminitè febli, ka kontinye transmèt viris la pandan yon peryòd tan ki pi long. Pou COVID-19, lè w fè yon tès antijèn sa ka ede w konnen ki risk ou genyen pou transmèt viris la. Yon tès pozitif gen tandans siyifi gen plis risk pou w ka transmèt viris la bay lòt moun.

Dispozisyon ou ka pran

Moun kapab

  • Panse ak itilize zouti prevansyon anplis, tèlke pran dispozisyon pou respire lè ki pi pwòp, fè anpil dilijans pou ijyèn, itilize mask lè w malad lakay ou pou pwoteje lòt moun lakay ou. Sa ka itil sitou si w pa gen espas lakay ou pou w rete konplètman lwen lòt moun.
  • Siveye sentòm ou yo. Si w gen yon siy avètisman dijans (tankou pwoblèm pou respire oswa doulè nan pwatrin), chèche swen medikal dijans imedyatman.

Òganizasyon yo kapab

  • Konseye moun pou yo rete lakay yo si yo malad.
  • Bay anplwaye yo konje peye epi devlope politik fleksib nan zafè konje e teletravay pou ede travayè yo rete lakay yo si yo malad oswa pou pran yo swen manm fanmi ki malad.
  • Adopte politk fleksib pou anilasyon oswa ranbousman pou kliyan ki malad.

*Sentòm yo ka gen ladan, men pa sèlman, malèz nan pwatrin, frison, tous, diminisyon apeti, dyare, fatig (epuizman), lafyèv oswa sansasyon lafyèv, maltèt, doulè nan misk oswa doulè nan kò, nouvo pèt kapasite pou pran gou oswa pran sant, nen k ap koule oswa nen bouche, etènye, malgòj, vomisman, feblès, respirasyon siflan.

Notice‎

Avi

CDC ofri gid separe, byen presi pou etablisman swen sante yo (COVID-19, grip, epi prevansyon ak kontwòl enfeksyon jeneral). Lwa federal sou dwa sivil yo ka egzije modifikasyon rezonab oswa aranjman rezonab nan divès sikonstans. Anyen nan gid sa a ki gen entansyon redui fòs lwa sa yo ni ranplase yo.